K-YaH : Manman lavi kap nouri
Antre nan yon nouvo epòk nan agrikilti kote ou ka konekte ak achtè lokal ak entènasyonal fasilman.
Avantaj Enskripsyon
Enskri sou platfòm nou an pou jwenn aksè a yon mache garanti ak achtè serye.
Aksè Mache Garanti
Jwenn aksè a achtè serye ki enterese pa pwodwi ou yo.
Pri Transparan
Fikse pri ou oswa negosye dirèkteman ak achtè yo.
Logistik Senplifye
Nou ofri opsyon livrezon ki fasilite pwosesis la pou ou.
Vizibilite Ogmante
Fè pwodwi ou yo plis vizib ak fich pwodwi detaye ak foto/videyo.
Enskri pou Konekte ak Achtè
Ranpli fòm sa a pou nou ka ede w konekte ak achtè serye. Nou bezwen kèk enfòmasyon pèsonèl ak pwofesyonèl pou asire w jwenn pi bon eksperyans lan.
Kreye Profil Elve ou
Lis Pwodwi Ou
Temwayaj Kliyan
Gras a platfòm K-YaH Mache Oganik, mwen te triplé lavant Mayi mwen yo! Mwen rekòmande l paskel bay tout agrikiltè opotinite pou grandi biznis yo.
Platfòm nan mete m an kontak ak achtè serye pou pwodiksyon tomat mwen yo. Sa te yon gwo chanjman pou koperativ nou an.
K-YaH Mache Oganik te ede m vann plis Chou pase janm te panse posib. Mwen kontan ak sèvis yo ofri a.
Avèk K-YaH, mwen jwenn plis vizibilite pou pwodwi agrikòl mwen yo. Achtè yo apresye foto ak videyo m yo.
Platfòm nan fè tranzaksyon fasil e san danje. Mwen pa bezwen enkyete sou peman ankò.
Mwen renmen kijan K-YaH Mache Oganik pèmèt mwen negosye pri dirèkteman ak achtè yo. Sa fè tout diferans lan.
Kesyon Souvan Poze
Nou reponn kesyon sou kijan pou itilize platfòm K-YaH Mache Oganik avèk detay sou frè ak peman.
Kijan platfòm nan fonksyone?
Platfòm nan travay an twa etap senp: enskripsyon, mete pwodwi sou entènèt, ak vann yo bay achtè yo.
Èske gen frè komisyon?
Nou ofri yon peryòd gratis pou nouvo itilizatè yo. Apre sa, yon ti pousantaj komisyon aplike sou lavant yo.
Kijan peman yo fèt?
Peman yo fèt atravè Mobile Money oswa transfè bankè, asire sekirite ak fasilite pou tout itilizatè yo.
Ki jan mwen ka mete pwodwi m sou platfòm nan?
Ou ka mete pwodwi ou yo sou platfòm nan lè ou kreye yon kont epi chwazi opsyon ‘Ajoute Nouvo Pwodwi’.
Kijan mwen ka jwenn plis achtè?
Nou ofri konsèy sou kijan pou amelyore vizibilite pwodwi ou yo avèk foto ak videyo atiran.
Kòmanse Vann Kounye a!
Videyo Tutoryèl
Gade videyo tutoryèl sa a pou aprann kijan pou itilize K-YaH Mache Oganik pou vann pwodwi agrikòl ou yo avèk efikasite.
Kòmanse Vann Pwodwi ou Jodi a!
Antre nan K-YaH Mache Oganik pou konekte ak achtè serye epi ogmante lavant ou yo. Manman lavi kap nouri, se nou menm ki la pou sipòte ou nan chak etap. Pa rate opòtinite sa a pou fè biznis ou grandi!

