K-YaH Mache Oganik: Manman lavi kap nouri

Nou konekte agrikilte, elve, tranfomate , ak Achte pou kreye opòtinite dirab nan mache a.

Agrikilti Dirab

Nou sipòte agrikilti ki respekte anviwònman an ak kominote yo.

Elvaj Responsab

Nou ankouraje pratik elvaj ki pwoteje byennèt bèt yo.

Super site wordpress site e-commerce Agricole WordPress

Kolaborasyon Ak Nou

Partenarya Agroalimentaire

Nou envite agrikiltè, elvè, transformatè, ak achtè pou kolabore avèk nou pou asire pwodwi de kalite ak relasyon biznis ki solid. Objektif nou se fasilite tranzaksyon ak devlopman nan sektè agroalimente a.

Nou ofri yon platfòm ki fasilite echanj ant tout patnè nan chèn alimantè a, asire ke tout moun jwenn sa yo bezwen pou reyisi. Nou angaje nou nan kreye yon espas kote konfyans ak inovasyon ap fleri.

Gid Pou Kontakte Nou

Nou te òganize kontak yo selon pwofil itilizatè yo pou fè navigasyon an pi fasil. Agrikiltè ak elvè ka jwenn sèvis dedye pou vann pwodwi yo oswa achte intran. Transformatè yo ka jwenn matyè premyè oswa ofri sèvis yo. Achtè ak antrepriz ka fè komand an gwo oswa diskite sou patenarya.

Pou Agrikilti ak Elvaj

Vann ak Achte Pwodwi Agrikòl

Si w ap chèche vann pwodwi agrikòl tankou manje pou bœuf, cabri, oswa volay, oswa si w bezwen achte intrants pou elvaj ou, nou gen yon sèvis dedye ki la pou ede w. Kontakte nou pou jwenn pi bon solisyon yo pou biznis ou. Nou la pou sipòte ou nan tout etap pwosesis la, asire ke ou jwenn bon jan kalite ak sèvis efikas.

Pou Transfomate yo

Chèche Matyè Premyè oswa Ofri Sèvis

Transfomate yo, nou konprann enpòtans matyè premyè nan pwosesis ou yo. Si w ap chèche vyann, lèt, oswa lòt materyèl pou transfòme, nou isit la pou konekte w ak founisè serye. Epitou, si w vle ofri sèvis ou yo nan domèn transfòmasyon, nou ka ede w jwenn patnè ki enterese. Ann travay ansanm pou amelyore chèn valè a.

Nou ofri yon platfòm kote ou ka fasilman jwenn ak vann matyè premyè ki nesesè pou operasyon ou yo. K-YaH Mache Oganik se kote ou ka fè biznis ak konfyans, avèk yon ekip ki toujou pare pou ede w.

Kolaborasyon Efikas ak Serye

Pou Achte ak Antrepriz yo

Kòmande an Gros oswa Diskite Patnè

Si w se yon grosis, distribitè, oswa detay, nou ofri yon espas kote ou ka fasilman fè kòmand an gros pou pwodwi ou bezwen yo. Nou fasilite diskisyon patnè pou asire ke ou jwenn pi bon kontra yo sou mache a. Ann travay ansanm pou grandi biznis ou.

Nou konprann ke chak antrepriz gen bezwen inik. Se poutèt sa, nou ofri solisyon pèsonalize pou satisfè kondisyon espesifik ou yo. Kontakte nou pou diskite sou opsyon ki pi bon pou ou ak biznis ou.

K-YaH Mache Oganik se yon platfòm ki angaje nan sipòte kwasans antrepriz yo nan sektè agrikòl la. Avèk nou, ou jwenn yon patnè ki angaje nan siksè ou.

Pran Randevou Ak Nou

Ranpli fòm sa a pou fè yon randevou fasilman ak ekip nou an. Nou pare pou reponn a tout demann ou yo avèk efikasite.

Adrès ak Orè

Kontakte Nou

Adrès: Biwo Santral, [Vil Shadda].

Orè: Vendredi jiska Mercredi, 7h AM-5hPM.

Rete konekte avèk nou sou WhatsApp Business pou diskisyon rapid ak pwofesyonèl.

Aksyon Imedya

Kesyon yo Poze Souvan

u

Ki jan mwen ka vin founisè sou K-YaH Mache Oganik?

Ou ka vin founisè sou platfòm nou an lè ou ranpli fòm enskripsyon an sou paj founisè nou an. Apre sa, ekip nou an ap kontakte ou pou plis detay.

u

Ki kondisyon livrezon pou gwo volim yo?

Livrezon pou gwo volim mande yon minimòm de 500 kg. Nou ofri transpò gratis pou tout komand ki depase kantite sa a.

u

Kijan mwen ka kontakte sèvis kliyan K-YaH Mache Oganik?

Ou ka kontakte nou pa imel nan k-yahmacheoganik@gmail.com oswa rele nou nan +509 4762-8768. Nou disponib Vendredi jiska Mekredi, 7hAM-5h PM.

u

Èske mwen ka jwenn yon rabè pou achte an gwo?

Wi, nou ofri rabè espesyal pou komand ki depase yon sèten kantite. Tanpri kontakte ekip lavant nou an pou plis detay sou rabè yo.

u

Ki jan mwen ka verifye bon jan kalite pwodwi yo?

Tout pwodwi nou yo sètifye epi pase tès bon jan kalite strik. Nou travay sèlman ak founisè ki respekte estanda kalite entènasyonal yo.

u

Èske mwen ka modifye komand mwen apre li fin soumèt?

Wi, ou ka modifye komand ou a nan lespas 24 èdtan apre soumèt li. Tanpri kontakte sèvis kliyan nou an pou fè chanjman yo.

u

Ki jan mwen ka jwenn enfòmasyon sou nouvo pwodwi yo?

Ou ka fe yon abònman nan bilten nou an pouw  resevwa mizajou regilye sou nouvo pwodwi ak of espesyal yo.

u

Ki jan mwen ka anile yon komand?

Ou ka anile yon komand nan lespas 24 èdtan apre li fin soumèt. Tanpri kontakte sèvis kliyan nou an pou asistans.

u

Èske gen yon minimòm pou komand yo?

Wi, gen yon minimòm de 100 USD pou tout komand ki sou platfòm nou an. Sa a asire ke nou ka ofri pi bon sèvis posib.